Friday, October 9, 2015

mon univers poetique

Bèlè m’sonje!!

Lavi sou Bele te yon batay san fen
Kont pi gran ki pat pran piti pou anyen
degouden pitimi ak pwa kongo kay Mayo
touye ve nan vant fanmi  yo.
Bèlè m’sonje

Dis kob sik ak kat pou kenz nan korido touponyèt
Kaba grangou le maten lè gwo trip vale ti trip nèt
Yon flèdèmè dis kòb nan koridò kabrit
Mete jwa nan kè tout manman pitit
Bèlè m’sonje
Nan sezon madigra  lè  miniminwi ak grap plezi kontre
Batay mete pye, kout katyapika, bayonèt, tanbou vole
Lè bou klasonn ap desann mon marinet
gason makomè ak talon kikit ap bay payèt

Bèlè m’sonje

mwa jen, fet Notre Dame pepetyel sekou rive
Matant banm 3 goud pou achte chaple poum priye
msere sa pou achte mab ak bika poum amizem
nan tou pou zikos,jwèt mo rèd, pa gen nèg ki te fo pasem

Bèlè m’sonje
Le posesyon ap desann ri dèpisèl
Bel dra, Dekorasyon nan tout kwen, anpil fidèl
Ap mande delivrans anba chay
Difikilte lavi yo kite lakay

Bele msonje
Jou premye kominyon m, mbwè tafia jouk mwen sou
Nan pede mache mande chak envite yon kou
Yon lam dlo ked pat nan je’m
Paske manman’m pat la pou’l te wèm
Map pede gade pye’m san rete
Soulye Giorgio brutini’m map admire

                                                       Bele m’sonje
lem ap chache fil sak nan tout kwen poum moute kap
malere pa brital, lot fil yo koute bouda le pap
 ane 86,bele cho, tout kote dechoukay
roulo konprese lege kou pay
Pou vole tèt mi epi pote ale
Tout sa enspektè te posede
Bele m’sonje
Fabienne te premye tifi ki fe kem bat sou bèlè
mwen se yon gwo van ti lapli nan fè dyolè
onz an mgenyen ak ki kouraj poum te fè fanm deklarasyon,
chak fwa mwen wèl,mpaka gadel nan je,ni fè yon aksyon
yon bon jou Fabienne pati ale Etazini
M pran yon so lam,msanti lavim fini
Bele m’sonje
 A douz an dèyè dodin sou galeri matant lan
Mwen premye met siwo nan akasan
depi lè a zonbi goute sel,lekol lage
mpede gaspiye pafen frèm epi pale vye franse
 chak jou mte toujou vle santi bon
Nan rara ti nègès byen bonbe  mte anvi jwe jon